Pou ayiti Ayiti Si w wèe jodi vini Se sijè w ke-m shwazi Se paske m'ap soufri Si-w wè ke melodi W'ap tande yon jan tris Se konsa mwen santi m Mwen la devan-w cheri M ape gade w k'ap depafini Mwen pa ka menm itil Chagrin, tristès met ak remo Pou yo fin ak lavi m Alo m pran plim Pou m ekri w, ekri-w Pou m mande w padon II-
Mande w padon Pou kou ak kalot frè-m yo ba ou Padone yo ti chou (padone-m) Pou rad ou yo chire Pou kay ou yo maltrete Yo fè sa san panse Anmwe! Mwen ta rele, rele anmwe! Kilès ki pral koute-m Pou vin delivre m Se sèl detwa ti mo, mwen ka pote Sou yon ti bout papye Pou m di-w ke mwen dezole Kwè mwen, mwen dezole se vre
Refrain
Yon ti chante pou Ayiti Pou-m di l' m santi sa-l santi Yon ti chante pou Ayiti pou m di l' m'avèk li
III-
O Ayiti ! Konsyans mwen fè Ke mwen pa ka lage w' Avè-w ma va lite O wi! O wi! Bri a va kouri Nouvèl la va gaye Lè sa tout Ayisyen ansan-m A mete men nan men Pou n'fè yon sèl chimen Mesaj la va pase Lè na libere, ya tande Fos nou nan linyon l ye Nan linyon, nan linyon, nan linyon Nan linyon li ye
IV-
Mwen pap ka rete Papye a fin mouye Vizyon m-trouble O non! m'ale Siyen Nou 2
Refren 2-
Yon ti chante, pou Ayiti Yon ti limyè, pou Ayiti Yon ti priyè,pou Ayiti Yon ti pitye, pou Ayiti